Aller au contenu

John Maynard Keynes

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

John Maynard Keynes (/keinz/), ki fèt 5 jen 1883 nan Kambridj nan peyi Wòyòm ini epi li mouri 21 avril 1946 nan fèm li nan Tilton nan Fil, se yon ekonomis, wo fonksyonè ak esèyis britanik.[1]

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

John Maynard Keynes (/keɪnz/), fèt 5 jen 1883 nan Kanmbridj e li mouri 21 avril 1946 nan fèm li an Tilton nan Fil, se yon ekonomis, gwo fonksyonè ak eseyis Britanik. Li rekonèt patou nan mond lan, li se tou fondatè makro-ekonomi Keynezyèn lan. Keynezyanism lan, nouvo ekonomi keynezyèn lan, newokeynezyanism lan oswa pòskeynezyanism lan tout dekoule de zèv li. Li konsidere kòm youn nan teworisyen ki pi enpòtan nan ekonomi an nan 20 tyèm syèk lan[2]. De plis, antanke ofisyèl de plizyè politisyen, li te youn nan aktè prensipal akò Breton Woods[3] la aprè dezyèm gè mondyal lan. [4]

Li kwaze ak siksè sou wout li depi nan jenès kòm otè, avèk yon liv li te ekri sou treye Vèsay : Les conséquences de la paix (1919). Aprè li te ekri plizyè lòt atik pou jounal ak revi. Premye sòm istorik li te rele Traité sur la monnaie, men zèv majè li an san deba sou sa a se Théorie générale de l'emploi, de l'intérêt de la monnaie (1936)[5], yon liv aprè lòt yo ki ap frape lwa Say[6] lan, youn nan fondman kite yo fè sa a.

Fòs John Maynard Keynes rezide nan fè pa rapò ak diferans li genyen ak predesesè li yo, li etabli yon nouvo tewori ak zouti nesesè pou politik ekonomik altènativ lan, nan yon epòk kote kriz 1929[7] lan ap ravaje ekonomi entènasyonal lan e reziste ak politik konvansyonèl lan. Travay li yo itilize aprè dezyèm gè mondyal lan nan kad mizanplas Leta-pwovidans lan. Selon Kenneth R. Hoover, Keynes tap gen nan epòk li an yo pozisyon « santris » premyeman ant Friedrich Hayek e yon lòt kote Harold Laski, youn nan enspiratè zèl goch pati travayis lan nan Wayòm Ini. Yo souvan konsidere li kòm moun ki te bay sosyo-liberal britanik yo tewori ekonomik ki te manke yo an.

Eritye li yo, tankou syantifik nan kouran newokeynezyen yo di ke sentèz newoklasik lan kap domine lontan nan Etazini, ap pèdi apui patizan l yo, yon bon pati nan enfliyans yo te genyen a pati kòmansman 1980 akoz monte an puisans monetarism lan ak nouvo ekonomi klasik lan, ki tap pwomot dereglemantasyon finansye an. Sepandan avèk kriz ekonomik[8]

John Maynard Keynes
Deskripsyon imaj Keynes_1933.jpg.
Nesans
Kanmbridj
Lanmò (ak 62 ane)
Fil
Nasyonalite Anglè
Aktivite prensipal
Ekonomis, profesè, diplomat, filozòf, matematisyen, politisyen
Konjwen
Lydia Lopokova
Otè
Lang ekriti Anglè
Mouvman Bloomsbury Group (en)
Adjektif derive Keynezyen

Zèv prensipal

2008-2009 lan li sanble antrene yon reyenterè pou panse li an, sitou nan vèsyon sosyal liberal li an de nouvo ekonomi keynezyèn lan ke vèsyon eterodòks yo, tankou pòskeynezyanism lan oswa ankò Lafrans pou ekonomi konvansyonèl yo.[9]

Zèv li yo

[modifye | modifye kòd]
  1. Konsekans ekonomik lapè (1919)[10]

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. « Perspective Monde ». Retrieved 2025-10-12.
  2. « John Maynard Keynes | Ministère de l’Économie des Finances et de la Souveraineté industrielle et énergétique » (in français). Retrieved 2025-11-02.
  3. Dostaler, Gilles (1995-05-01). « Keynes et Bretton Woods ». Revue Interventions économiques. Papers in Political Economy (in français) (26). ISSN 0715-3570. doi:10.4000/interventionseconomiques.21049.
  4. « John Maynard Keynes, le pourfendeur des néoclassiques » (in français). Retrieved 2025-11-02.
  5. « Théorie générale de l'emploi, de l'intérêt et de la monnaie » (in français). 2025-07-16.
  6. « John Maynard Keynes | Ministère de l’Économie des Finances et de la Souveraineté industrielle et énergétique » (in français). Retrieved 2025-11-02.
  7. Tous, La Finance Pour (2024-01-04). « La crise de 1929 ». La finance pour tous (in français). Retrieved 2025-11-02.
  8. « La crise financière mondiale et ses effets sur l'emploi | Lumni Enseignement » (in français).
  9. « John Maynard Keynes, le pourfendeur des néoclassiques » (in français). Retrieved 2025-11-02.
  10. « Perspective Monde ». Retrieved 2025-10-12.

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]